Quantcast
Channel: News – Dynasty Haiti
Viewing all 360 articles
Browse latest View live

BAKY POPILE 1 AN AVEK RKM

$
0
0

28 Setanm 2012 – 28 Setanm 2013, Baptista Lugendy St-Hubert ke nou konnen sou non Baky Popile yon ane depi li te siyen ak RKM (Rap Kreyol Music). Pou okazyon sa, ekip Dynastyhaiti.com nan te fe yon pale ak #Atis la pou li te ka fe yon bilan pou fanatik li yo ak moun kap swiv Dynastyhaiti.com yo sou kisa l’ te reyalize pandan premye ane li genyen ak RKM. Atis la te tou pwofite pale de pwoje li genyen epi eklesi sou clash ki genyen ant Baky avek P-Jay. Ann swiv…

DYNASTY ::: Eskew kapab di fan Dynasty Entertainment yo kiles ki BAKY a ? 
BAKY::: Baky se yon jèn Etidyan e Rapè ki aktyelman gen 22 zan. Li fèt Okay, men li stab aktyèlman Paup pou etid inivèsitè li. Li siyen avèk Rkm Recordz pou 3 zan depwi 28 septanm 2012. E jiskaprezan lap fè wout li nan milieu Rap Kreyol la.

DYNASTY :::Kom nou konnen BAKY apre 10 Janvier 2012 sou yon Track Pasken se Ayisyen, Eske BAKY pat egziste avan 2012?

BAKY::: Lol. Baky te toujou egziste. Toutotan te gen Baptista, te toujou gen Baky. E toutotan gen Baptista, ap toujou gen Baky. Koz yo fòme youn e yon sèl pèsòn lan, c à dire Moi.

 

DYNASTY :::Eskew kapab di nou, ki aktivite BAKY odela de Mizik?
BAKY:::Odela de Mizik, Baky nan inivèsite, pi presizeman nan inivèsite Quisqueya, kote lap etidye Relasyon Entènasyonal.
DYNASTY :::BAKY, 28 septembre se dat kote ou te nouvo moun kote RKM te siyen, di fanatik Dynasty yo koman prosesis la te ye. 
BAKY::: Se te yon Gran jou, pou mwen espesyalman. Ceo and Prezidan Label lan te antre espesyalman pou sa, map pale de Mr Prodg and XDaBoss(Sa se nom atis yo)lol. Nou te envite anpil media nan Plaza, e yo te fè deplasman an gran foul, ki fè ke jounen an te yon gran siksè pou mwen ak pou Rkm Recordz. A par de Siyen Kontra, Nou te tou pwofite poun distribiye premye mixtape Label la te pwodwi pou mwen ki se te “Avan’m Siyen”. E distribiye kèk posters and flyers bay Media and public ki te prezan. Se te yon bèl eksperyans.

 

DYNASTY :::Jodia fè 1 an avek RKM, eskew kapab fe yon bilan pou premye ane sa avek RKM pou tout fan Popile ak Dynasty yo ? 
BAKY::: Efektivman jodi a ki se 28 septanm 2013 fè egzakteman 1an depi mwen siyen avek Rkm. E pandan peryod sa, gen yon total de 3 mixtapes ke nou gentan lage pou fans yo(Free). Ak plizyè Hit ke Piblic la te vrèman apresye, kòm Level, Kiyès sa and La pa la’m vre. Plus plizyè video ke Rkm te deside ofri a piblik la, par egzanp “Sexfriend”, “Kiyès sa”, et gen “Fè’m konfyans” ke nou fek sot choute la kap soti trè byento, e toudswit aprè “Prends bien soin d’elle” ft Flav ap videoclipe tou. E pou kounya, nap prepare album nou ki ta sipoze prè pou trè byento la. Se poun montre ke nou pa janm sispann travay kan il s’agit de faire plaisir aux Fans.
DYNASTY :::Pandan 1 an sa, kisa ki te plis make ou avek RKM ?
BAKY::: Yon bann ak yon pakèt.lol. But sak te plis make’m se jou ke’m ta pral siyen avèk yo a. Fòm di’n se te premye fwa’m ta pral rankontre ak tou 2 Proprio Rkm kap viv usa yo. Alò, mwen m te panse se ak nèg gwo vès m ta pral rankontre, so’m tap prepare bèl chemiz mwen, menm kòl m manke mete. Epi lè’m wè ak Boss yo, yo soti pou yo pi flannè pase’m.lol. Se Aldo nan pye Les Boss, gwo jeans yo, mayo, lunette.lol. Haa la menm, m metem an mod jènjanm tou.lol. M te vin remake ke se yon bann Boujwa resan ki fòme Rkm. Yo pran kote’m.lol

 

DYNASTY :::Kom se RKM ki label BAKY Popile, eske chwa mizik ou depann plis de ou menm ? oswa totalman de RKM ?
BAKY::: Nou travay Ansanm. Lè’m diw travay ansanm lan, c à dire travay youn konplete lòt. So, tout mizik ou wè ke’n fè yo, se kout plim e ide Baky ak Rkm. Like Rkm ka banm yon ide, epim devlopel, ouswam ka bay yon ide, Rkm devlopel epim ekril. Se 2 grands Esprits ki kontre wi, se sak fè nap jwenn Hit konsa deyo a.lol

 

DYNASTY ::: Kom nou konnen avan RKM te siyen BAKY, li te siyen yon atis kite rele P-Jay. Ke selon atis la, bagay yo pat twò byen fini ant li menm avek RKM, Eske se sak te pouse beef ant P-Jay ak Baky
BAKY::: Ki beef? M pa rele sa Beef. Baky pa gen Beef ak okenn moun. An nou rele sa pito “Koreksyon”. Menm jan ak yon timoun ou genyen, depi’w wè li fè’w yon bagay kew pa renmen, ou just korije’l poul pa fe sa anko. Men’w pa nan beef ak timoun lan. Se pou byen’l ou korije’l. And lè lòt atis la te nan Rkm, m pat konnen, ni lèl kite tou. So m pa two antre nan relasyon moun yo.lol. Map just fè sa’m gen poum fè epi datz it.

 

DYNASTY :::Nan RAP Fransè a, gen yon mizik ki rele « Contre nous » ke Kerry James, Youssoupha ak Medine. Eske se nan menm ide a gen yon beef imajinè ki genyen ant Baky, Wendy et P-Jay? Oswa se yon clash ki eklate sou Level Remix la?
BAKY::: Lè Level la te fèt lan, “Contre nous” an patko fèt. So, se pat nan entansyon nou poun kreye yon beef kelkonk sou menm track la. Sa te rive ke track la te vin bay aspè sa o final, but c’était pas prévu. And je le redis, Baky pa nan Beef ak okenn moun, kit li te Beef imajin(è) or Beef…toutbon(è)lol.

 

DYNASTY ::: Baky, bay fan Dynasty yo yon ti limyè sou beef sa
BAKY::: Mouche, map repetew sa anko”BAKY PA NAN BEEF”lol. Se te jis yon koreksyon, anyen anko. Si’m tap nan Beef, se t’ap pito kont sistèm lan. Koz se lè sa’m tap goumen pou yon koz vrèman, ki se eseye pale pou amelyore sitiyasyon pèp la.NB-Lè’m di Beef kont sistèm lan, se pa nan kontèks pale yo mal or joure etc… Se pito nan kontèks poum eseye ekspoze tout pwoblèm ki genyen epi poun eseye jwenn solisyon a yo. Koz moi J’adore mon Président.lol. Se Fanfa Palè’m ye anyway.lol.
DYNASTY :::Avan Marly, eske Baky te gen yon manager?
BAKY::: Nop. M pat gen Manager avan Marly.

 

DYNASTY :::Eske chwa Marly a depan de BAKY oswa RKM?
BAKY::: Se mwen ki te pwopoze Rkm Marly, koz se yon moun mwen tap swiv depi lontan, e mwen te vrèman renmen sens de responsabilite kel genyen lakay li. Epil te gentan abitye ak biznis lan so, m te gentan konnen li tap pot anpil bagay de pozitif nan karyè Baky and pou Rkm. Label la te vrèman kontan chwa. Yo te voye kontra yo, mwen ak Marly siyen, epi Baton Chokola.

 

DYNASTY :::Kijan sa ap mache ak Marly?
BAKY::: Jiskaprezan mwen pa regrèt yon segonn ke’m te fè chwa de li kom Manager mwen. And m sur ke Rkm pataje opinyon’m lan. Fanm sa konn sa lap fe an. And li gen tèt li sou Zepol li. Se Manager peyi a wi.lol.
DYNASTY ::: Sou Mixtape Avanm Siyen an, ou gen yon remix ki rele Sexfriend, eske se yon istwa vecu ou imaginaire?


BAKY::: Euh… Mizik sa se Blake aka Mr Prodg, Ceo Rkm lan ki te dim fèl. Li’k te banm ide an, ak de kisa poum pale etc… So, kesyon sa map kite’l pou Blake reponn pito koz se te ide pal.lol. Mwen se ekri selmanm te ekri ide’l te banm yo. So, Kesyon sa pou mesye a.lol. Siw vle coordone’l, fem konnen poum voyel baw.lol. Retire’m nan zen sa souple.lol.

 

DYNASTY :::Eske BAKY gen yon moun nan vi li ?
BAKY::: Jezi’k konnen.lol. Surman

 

DYNASTY :::Ant Menaj ou ak Sexfriend ou, kiles ou pi renmen?
BAKY::: Depi’w tande Baky gen mennaj, sa siyifi ke’m pa nan koze Sexfriend lan menm. Lè’m gen mennaj, m fidel.lol. Surtou lè mennaj sa banm tout bagay ke tout sexfriends sa yo melanje te ka banm. (Wololoy, cherie a dwe kontan la).lol. 

 


Décès de Jean Michel Daudier le chanteur de la musique “Lè m pa wè Solèy la »

$
0
0

Jean Michel DaudierMiami, FLORIDE  — Le chanteur compositeur de la musique “Lè m pa wè Solèy la » est décédé à la suite d’une crise cardiaque très tôt ce 14 Octobre 2013.La musique “Lè m pa wè Solèy la » de Jean Michel Daudier a été réalisée pour la radio catholique «  Radio Soleil » qui était la force motrice ou le catalyseur qui a contribué à la mobilisation populaire pour le départ du dictateur Jean Claude Duvalier.Jean Michel a émigré vers les États unis ou il s’est installé en Floride et avait poursuivi sa carrière de chanteur.

 

 

 

[yt video=”yrJcDYY5p0E” width=”560″ height=”340″ /]

Source: Tout-Haïti

Présentation du Comité Chargée d’Organiser le Carnaval 2014 aux Gonaives

$
0
0

La ministre de la culture, Mme Josette Darguste  a présenté, lundi , le comité chargé d’organiser le carnaval  national 2014 qui se déroulera aux Gonaïves , du 2 au 4 mars, autour du thème  « Tèt kole pou Ayiti Pi Djanm. Le président du comité du dernier carnaval des fleurs organisé, en juillet 2013, Gregory Saba est maintenu comme président, alors que le Directeur général du ministre de la culture, Stefan Malebranche est vice président.

La liste des personnes formant le comité devant organiser le carnaval national 2014 été dévoilée, ce lundi, par la ministre de la culture Mme Josette Darguste.  Ce dit comité est composé entres, autres,  de Gregory Saba, président, M. Malbranche vice président, Mme Maryse Noel représentante du ministère du Tourisme, est secrétaire générale

La ministre de la Culture, Mme Josette Darguste, et celle du Tourisme, Mme Stéphanie B. Villedrouin sont respectivement présidente d’honneur et vice présidente d’honneur du comité.

Selon l’arrêté nommant ledit comité, celui-ci  dispose d’une autonomie complète pour définir son mode d’organisation et de fonctionnement, ainsi que de son plan de travail. Certains observateurs disent espérer, cette année.  le respect stricte de cette mesure.   Ainsi, ajoutent-ils,  le président de la République ne devrait-il pas intervenir dans le choix des groupes et interdire  la participation des formations musicales qui critiquent le gouvernement.

L’état haïtien promet de mettre à la disposition  du comité les moyens financiers, matériels et logistiques nécessaires à l’organisation  du carnaval.

La ministre de la Culture a donné la garantie que le carnaval cette année sera une réussite. Elle a profité  pour annoncer des nouveautés dans les activités pré-carnavalesques qui, a-t-elle assurée,  seront décentralisées. Chaque dimanche, les défilés pré-carnavalesques seront organisés  dans une   ville différente  du département de l’Artibonite

Pour sa part, Le président du comité Gegory Saba, dit avoir déjà   effectué,  samedi dernier, une visite de terrain aux Gonaïves, samedi, pour  s’enquérir sur les emplacements  logistiques et le parcours.

Il a annoncé une autre visite comité  mardi aux Gonaïves, pour engager les dernières discussions  avec les autorités de la zone avant de démarrer les travaux.

Le maire de la ville des Gonaïves, M. Steeven Saint Fleur, a remercié le président  de la République pour avoir choisi la cité  de l’Indépendance.  M. St Fleur a assuré  que sa ville est déjà  prête pour accueillir les festivités.

De son côté , Mme Elsa Baussan, représentante de la présidence au sein du comité, a informé que le parcours, qui  se fera sur un circuit  de 2.8 kilomètres. Il débutera et prendra fin au Stade Sténio Vincent des Gonaïves.

Notons les membres du comité n’était pas en mesure de communiquer le montant du budget du carnaval qui, selon la ministre de la Culture proviendra du trésor public et du secteur privé.

Source: hpnhaiti.com

MC5MC3MC2MC1

TOP10 #MostDownloaded

$
0
0

Voici une liste des merengues avec un plus grand nombre de telechargement.

Merci a tousTOP10

 

Ansyto Mercier victime d’un AVC (stroke) est dans un état critique à l’hôpital

$
0
0

ansyto

Ansyto Mercier repose jeudi soir dans un état critique mais stationnaire dans un hôpital de Port-au-Prince, a appris Ticket. Ce musicien, père d’Ansyto Mercier (Ti Ansyto), maestro de Kreyòl La, a fait mercredi soir un AVC (Accident vasculaire cérébral). Alors que ses proches voulaient laisser le pays avec lui, ses médecins ont déconseillé, pour l’instant, de déplacer le malade.

Grand nom de la musique haïtienne, Ansyto Mercier, keyboardiste patenté, ne se porte pas bien. Le musicien a été victime d’un accident cérébrovasculaire (stroke) dans la soirée du mercredi 26 février 2014 pendant qu’il participait à une séance de répétition avec son groupe Kreyòl La qui prépare sa participation au défilé carnavalesque les 2, 3 et 4 mars 2014 aux Gonaïves. Depuis, c’est un peu la panique au sein de sa famille ainsi que chez les membres du secteur culturel et ses admirateurs.

Selon les premières informations, le « stroke » a paralysé Ansyto qui a des difficultés à parler. Rapidement hospitalisé, le maestro Ansyto a subi des examens médicaux dans la matinée du jeudi 27 février 2014, notamment un scanner, d’après ce qu’on a appris.
Ticket a contacté Ti Ansyto ainsi que Ti-Djo Zenny pour des informations sur l’état de santé de Ansyto et les résultats du scanner, mais ces derniers n’étaient pas disponibles sur leur portable.
Ansyto Mercier, on le rappelle, a fait ses débuts dans la musique très tôt, soit à l’âge de 15 ans avec Compas Express des frères Dorvilly de Delmas 6.
Depuis, il a fait de nombreuses expériences avec différents groupes musicaux, dont DP Express et Gemini All Stars de Ti Manno avant de former son propre groupe, Digital Express. Puis, à la surprise quasi générale, il a mis fin à l’existence de sa formation musicale pour rejoindre Sweet Micky de Michel Martelly avec qui il collaborait toujours sur ses albums. En 2006, il a tourné le dos au groupe Sweet Micky pour rejoindre son fils Ti Ansyto à Kreyòl La, formation musicale à laquelle il est resté fidèle depuis.

Quelles seront les répercussions de la maladie d’Ansyto Mercier sur la participation de la bande à Ti-Djo au défilé des trois jours gras ? Qui remplacera ce maestro de grand calibre sur le char de Kreyòl La ? Autant de questions auxquelles on n’a malheureusement pas de réponses. Ticket souhaite un prompt rétablissement à Ansyto Mercier, dit Ansyto Digital.

Source: Le Nouvelliste

L’Hymne Officiel interprété par Santana, Wyclef, Avicii et Alexandre Pires

$
0
0

La FIFA et Sony Music Entertainment ont annoncé ce 28 mars que l’hymne officiel de la Coupe du Monde de la FIFA, Brésil 2014™, intitulé “Dar um Jeito” (“Nous trouverons un moyen”), sera interprété durant la cérémonie de clôture à Rio de Janeiro par Carlos Santana, Wyclef, Avicii et Alexandre Pires.

Quatrième titre du programme musical officiel du tournoi, “Dar um Jeito” (“Nous trouverons un moyen”) figurera sur l’Album officiel de la Coupe du Monde de la FIFA 2014™ aux côtés de la Chanson Officielle par Pitbull, Jennifer Lopez et Claudia Leitte, ainsi que le titre lauréat du concours SuperSong interprété par Ricky Martin et la Chanson Officielle de la Mascotte, à laquelle le chanteur brésilien Arlindo Cruz a prêté sa voix en 2012.

“C’est fantastique de voir tous ces artistes participer au programme musical officiel de la Coupe du Monde 2014”, a déclaré Thierry Weil, Directeur Marketing de la FIFA. “La FIFA et Sony ont travaillé dur pour mettre au point un album qui donnera vie à toutes les sonorités du Brésil, à travers une série de morceaux innovants. Santana, Wyclef, Avicii et Alexandre Pires sont des icônes de la musique. Je suis très heureux qu’ils aient accepté de participer à la cérémonie de clôture de la Coupe du Monde 2014.”

“C’est un honneur de participer à la Coupe du Monde 2014”, souligne Carlos Santana. “Le choix de “Dar um Jeito” (“Nous trouverons un moyen”) comme hymne officiel nous a fait très plaisir. Avec mes frères Wyclef, Avicii et Alexandre Pires, nous avons hâte d’être au mois de juillet pour partager ce message de lumière et d’espoir à Rio de Janeiro, sur la plus grande scène du monde.”

Non content de rassembler quelques-uns des plus grands talents musicaux de la planète, cet album bénéficie en outre des lumières d’une équipe de production emmenée par Ash Pournouri, deux fois nominé aux Grammy Awards. “En portugais, Dar Um Jeito signifie trouver un moyen de contourner les obstacles ou les difficultés. À travers la musique et les paroles de ce morceau, nous avons voulu envoyer un message d’optimisme et de dynamisme”, s’est réjoui le producteur.

C’est Fini Entre Ti Ansyto et Kreyol La !

$
0
0

Sur sa Page Facebook, Le Maestro Ti-Ansyto a declare:

“It is with a heavy heart that I announce officially my resignation from the band Kreyol La.
I’ve dedicated a great portion of my life and time to this band for the last eight years.

I challenge myself to be successful at whatever I do therefore I will focus more from now on, on other career opportunities, surely it will not be the last time you hear of me in the HMI.

To all the media, promoters, and fans, I thank you all for making it for me a beautiful experience. I want to thank also all the members of Kreyol La for the opportunity I had to share the last 8 years with them. I wish them continuing success.

The Maestro (Ti Ansyto)
C’est avec le Cœur lourd que je vous annonce ma démission au sein du groupe Kreyol La.
J’ai dédié une grande portion de ma vie et de mon temps au groupe pendant les huit dernières années, j’estime maintenant le moment arrivé pour moi de faire mon propre chemin.
Des maintenant je pourrai consacrer plus de temps a d’autres activités dans ma carrière, je vous assure que ce ne sera pas la dernière fois que vous entendrez parler de moi au sein de la musique.
Merci aux medias, promoteurs et fan je vous remercie du fond du cœur pour cette belle aventure.
J’aimerais aussi remercier tout les membres de Kreyol La pour l’opportunité que j’ai eu à passer les 8 dernières années avec eux. Je leur souhaite une bonne continuité.”

Source: The Maestro

Hantz Fred ‘’Ti Ansyto’’ MERCIER et Vladimir ALEXIS démissionnent de Kreyòl La.

$
0
0

Communiqué de Presse
Pour diffusion immédiate

Hantz Fred ‘’Ti Ansyto’’ MERCIER et Vladimir ALEXIS démissionnent de Kreyòl La.

Port-au-Prince, Haïti,
Le 2 avril 2014.-
L’équipe de Management de Kreyòl La a le regret d’informer le public en général ainsi que la presse musicale que Hantz Fred « Ti Ansyto » MERCIER, Directeur Musical et Claviériste du groupe, et Vladimir ALEXIS, Batteur, ont décidé de quitter la grande famille de Kreyòl La pour des raisons personnelles que nous n’avons d’autre choix que respecter.

Leur décisions sont complètement inattendues d’autant plus que l’équipe se retrouve en pleine période d’enregistrement de son 3ème album. Depuis sa création il y a 9 ans, Kreyòl La est bien connu et respecté pour sa stabilité exemplaire et l’harmonie contagieuse existant entre ses musiciens, dans un marché musical rongé par les dissensions en boucle de musiciens dans la majorité des groupes.

“Franchement, c’est la pire des décisions à laquelle j’aurais pu m’attendre, surtout venue de deux musiciens que je considère comme des frères d’une autre mère. Je suis très triste et éprouvé psychologiquement. Mais, il faut avancer et Kreyòl La est obligé d’avancer » déclare Jeff Jean-Pierre, manager du groupe.

L’équipe de Management de Kreyòl La, tout en déplorant cette décision déplaisante, tient à souhaiter bonne chance tout en remerciant publiquement ces deux musiciens pour leur remarquable contribution à l’édification d’une grande institution qui va continuer son aventure musicale pour le grand plaisir des mélomanes de partout assoiffés de Konpa Direct.

L’équipe de Management annoncera sous peu les nouvelles dispositions prises pour combler le départ de ces deux talentueux musiciens.
Vive le Konpa Direct !

Pour l’équipe de Management:
Jeff Jean Pierre
(5098) 3455-4505 et 3455-4508

**********************************************************

Press release
For Immediate Release

Hantz Fred “Ti Ansyto MERCIER” and Vladimir ALEXIS resign from Kreyòl La.

Port -au- Prince, Haiti
April 2, 2014. –

Kreyòl La’s management team regrets to inform the general public as well as the music press that Hantz Fred “Ti Ansyto” MERCIER, Musical Director and keyboardist of the group, and Vladimir ALEXIS , Drummer, have decided to leave the large family of Kreyòl La for personal reasons that we have no choice but to accept.
Their decisions are completely unexpected especially since the band has been in the midst of recording their third album. Since its birth 9 years ago, Kreyòl La has been well known and respected for its exemplary stability and contagious harmony between its musicians in market plagued by dissension from musicians in most groups.
“Frankly, this is the worst decision that I could have expected, especially coming from two musicians that I consider brothers from another mother. I am very sad and psychologically affected by this; however, we must move forward, Kreyòl La is obliged to advance” said Jeff Jean-Pierre, manager of the group.
Kreyòl La’s management team, while deploring this unpleasant decision, would like to wish the best of luck while publicly thanking both musicians for their outstanding contribution to the building of a great institution that will continue its musical adventure for the general delight of Konpa Direct lovers everywhere.

The Management Team will announce the new arrangements to fill the departure of these two talented musicians.
Cheers to Konpa Direct!

For the Management Team:
Jeff Jean Pierre
(5098) 3455-4505 and 3455-4508

***********************************************************

Kominike Laprès
Pou Piblikasyon Imedya

Hantz Fred « Ti Ansyto” Mercier ak Vladimir ALEXIS bay demisyon nan Kreyòl La

Pòtoprens, Ayiti,
2 avril 2014. –
Ekip Jesyon Kreyòl La a gen regrè pou li enfòme piblik la an jeneral ak tout laprès mizikal la, Hantz Fred « Ti Ansyto » Mercier, ki se Direktè mizikal ak kibòdis nan gwoup la, ansanm ak Vladimir ALEXIS, batè, deside kite gwo fanmi Kreyòl La a pou rezon pèsonèl nou oblije respekte.
Se yon desizyon ki rive brid soukou pandan ke djaz la te nan mitan anrejistreman twazyèm album li. Depi kreyasyon li, gen 9 ane de sa, Kreyòl La te jwenn respè poutèt estabilite ekszanplè li ak amoni kontajye ki te eksziste ant mizisyen li yo, nan yon mache mizik ki chaje ak konfli ant mizisyen nan lòt gwoup.
“Franchman, mwen pa’t atann mwen a desizyon sa a, sitou sa soti nan de mizisyen ke mwen konsidere tankou frè’m. Mwen vreman tris epi mwen santi sa afekte’m sikolojikman. Men nou dwe avanse pou pi devan, Kreyòl La ap oblije avanse” se sa Jeff Jean-Pierre, manadjè gwoup la te gen pou di sou sijè a.
Ekip Jesyon Kreyòl La, pandan li deplore desizyon dezagreyab sa a, ta renmen swete bònn chans epi piblikman remèsye mizisyen sa yo pou kontribisyon eksepsyonèl yo nan konstriksyon yon gwo enstitisyon k’ap kontinye avanti mizik li pou tout melomann ki swaf Konpa dirèk yo.
Ekip la pral anonse aranjman nouvo aranjman pou ranplase de mizisyen ak talan sa yo.
Viv Konpa Dirèk !

Pou ekip Jesyon Kreyòl La a:
Jeff Jean Pierre
(5098) 3455-4505 ak 3455-4508


TI JOUNAL STAR O+ No-0001

$
0
0

Ekip Dynasty Haiti Entertainment la pote pou ou 1er soti Jounal STAR O+ la. Ladan li wap jwenn tout sak te pase pandan semen nan. Ou kapab li jounal sa sou site la oswa Download li.

[gview file=”http://dynastyhaiti.com/wp-content/uploads/2014/04/TI-JOUNAL-STAR-O+-No0001.pdf” save=”0″]

Download “STAR O+ 0001” – Downloaded 61 times –

 

 

 

TI JOUNAL STAR O+ No-0002

$
0
0

Ekip Dynasty Haiti Entertainment la pote pou ou 2eme soti Jounal STAR O+ la. Ladan li wap jwenn tout sak te pase pandan semen nan. Ou kapab li jounal sa sou site la oswa Download li.

[gview file=”http://dynastyhaiti.com/wp-content/uploads/2014/05/TI-JOUNAL-STAR-O+-No0002.pdf” save=”0″]

Download “STAR O+ No.0002” – Downloaded 34 times –

 

 

TI JOUNAL STAR O+ No-0003

TI JOUNAL STAR O+ No-0004

TI JOUNAL STAR O+ No-0005

MASTER DJI, papa IPAP KREYOL la-a nan KARAYIB la-a !

$
0
0

masterdji

Master Dji fèt sou non Georges LYS HERARD, 30 me 1961 nan Pòtoprens. Pitit ansyen majistra Pòtoprens lan ak direktè Radio Port-au-Prince, Antoine HERARD. Li fè etid primè ak segondè l’ nan St-Louis de Gonzague. Aprè sa a, li rantre nan Faculté de medecine de l’Université d’Etat d’Haïti kote li pase sèlman yon lane. Fè medsin pat janm entansyon l’, se sou presyon papa l’ li te rive pase grenn lane sa a. Aprè sa a, li pran direksyon Paris kote byen rapid li ta pral kreye yon gwo repitasyon nan klèb yo ak zafè DJ li. Master Dji pat konstwi yon repitasyon nan sektè sa a sèlman men animasyon radio tou. Nan Radio Port-au-Prince (ki pa egziste ankò, ki te sitiye l’ nan stad Sylvio Cator nan kèk chanm anba tribin nan) kote papa l’ te direktè, depi tou piti li te komanse anime ladan l’, ak 16 lane li te gen tan metrize mikwo li trè byen. Kidonk avèk metriz mikwo ak lang fransè a li te genyen, entegre Radio Nova nan Paris kom animatè te fasil pou li. Nan RFI (Radio France Internationale) ak nan Radio Nipone tou nan Tokyo, li te fè yon tan kòm ko-animatè. Aprè kèk lane nan peyi letranje, li te deside tounen nan peyi li. Nan lane 1982, Dji sòti premye mizik li ki pot non « Vakans ». 1985, li rantre nan mond reyalizayon videyo kote li se premye nan sektè sa a. Nan lane 1986, LYS HERARD ranpòte premye pri talan RFI an. Pita 1988, aprè anpil lane travay, li sòti premye albòm li titre « Master Dji » konte plizyè klasik konte sou albòm sa a tankou : Tann pou tann,  Petite fille de trottoir ;  mizik sa yo ki videyo klipe kote li se reyalizatè yo avèk lèd Jean-Pierre Grasset. Pandan li tap fè wout li nan Ipap la a, animasyon an li pat lage l’. Aprè rantre l’ na n peyi a li te fè yon pasaj nan Radio Métropole. Radio Tropic, se la a li ta pral baze l’ ak emisyon l’ lan « Jungle Tropicale ». Nan près ekri, Dji te pran plas tou. Li te dirije pandan 3 lane, 1988 jiska 1991 « Tap tap magazine ». 1990, li met deyò dezyèm albòm li « Politik pa m’ ». Reyalizatè videyo, animatè ak prodiktè radjo, rapè, dansè, kominikatè, mèt nan 3 lang (fransè, anglè, kreyòl), pat sèl sa yo Master Dji te konn fè paske li te yon prodiktè ak promotè atis tou. Haiti Rap & Ragga te prensipal gwoup li mete sou do l’, li te DJ nèg yo tou. Avèk gwoup sa a li sòti twazyèm albòm li « Match la rèd » anba label Declic Communication in France ak katriyèm nan « Maximum Respect », Cross over records nan Miami. Bizarman, papa ipap kreyòl la a te prodwi yon mizik sou dezyèm albòm li an titre « Samedi soir » kote ladan l’ l’ap rakonte jan lavi a parèt nwa pou li yon samdi swa. Avèk SIDA ki tap sikile nan venn li, manje lekosit li, samdi 21 me 1994 nan aswè, fondatè mouvman kiltirèl sa a ki se Ipap Kreyòl nan Krayib la deside fè wwout pou peyi san chapo. Li te genyen sèlman 33 lane. Li pati, kite yon peyi nan profon tristès. Menm ak lanmò li, li te rive pote yon chanjman nan peyi a. Paske pou premye fwa an Ayiti, medja yo ta pral oze pale de sèks, yon jan pou yo te ka sansiblize tout peyi a kont SIDA, pou yo proteje tèt yo, pou nou pa gen pèdi lòt Master Dji. Yon gwo kanpay te tanmen sou tout teritwa a.

Aprè lanmò li, anpil moun t’ap poze kesyon eske potorik sa gason te gen tan konnen veritab manman l’ avan l’ale ? Paske pandan lavi l’ li te konnen yon manman ki pat pouse l’, mete l’ nan mond sa a.

Antouka Master Dji rete pi gwo ipapè kreyòl paske nan 4 eleman yo, li metrize 3 ki te: dans, rap, DJ. Li te konsakre pratikman 6 denye lane lavi l’ nan trase yon wout pou jèn yo, nan montre yo koman pou yo lite kont sistèm demagòg peyi. Aprè l’ te fin ale, mouvman an te kontinye. Plizyè gwoup ta pral pran nesans tamkou Original Rap Staff, Pentagon Rap Guys, Universal Rap Stars, King Posse, Shaka Dreams, Master’s, elatriye… Jounen Jodi a, si nou ka gen Ipap Kreyòl nan Karayib la a se gras ak li. Pou anpil ipapè, Master Dji pa mouri paske Ipap Kreyòl ap viv toujou!

RPlayer

TI JOUNAL STAR O+ No-0006


MANIPULATION | TOBY ANBAKE & WENDYYY TRAKA

$
0
0

Mizik Semèn nan (Jen I): Manipulation – Wendy, Toby

Manipulation” se yon mizik ki fèt pa 2 rapè  Wendy ak Toby . Mizik sa se yon mizik 3 verses ki gen 24 bars san refren ki pwodi pa Traka Music Group ki dire 5:33 . Mizik sa pale de yon Istwa kote nèg yo rankontre menm fanm nan sou Entènet epi fanm nan jwe yo. Li komanse avek yon diskisyon  kote Toby ap mande Wendy Kotel  jwenn Foto madann li. Wendy reponn se Foto yon fi li fenk genyen . Diskisyon sa reprezante intro Mizik la . Premye verse la se yon dekripsyon ToBy fè pou l rakonte koman l rankontre e montre ki jan l damou avèk Fanm nan.

Pa Konn Depi Kilè w konnen l men lew ap Koy*en l  li pap pa site Nonm

Li pap Pa Diw M se Nonm ki fè l we Paradi. M se Nonm

Ki Pap Pa di se Nonm li”  Ekstrè de Premye Verse Toby a

 

Anpil “Jeu de Mots”, Anpil “Alliteration” ,Anpil  “Assonance” , Anpil Punchline, se nan fason sa yo Toby te exprime  l nan yon verse ki rich ak anpil lòt “Figures de Style”. Se yonn nan mizik kote nou jwenn Toby Jwe sou beat la. Se Komsi w santi gen yon vrè amoni ant melodi beat la ak Pawòl atis la.

 

Anvan dezyèm Verse la komanse, pa gen refren men jis gen yon kontinite nan diskisyon an ki te fè intro a. koulye se tou pa Wendy Pou l Antre nan Dezyèm verse la. Ann swiv yon Ekstrè :

“ Li Pibliye yon foto m Fon Click m met J’aime

M te anvi Speak kòm m son star m gen yon Gène

M wèl vle fè m tounen Groopie donk m fè ide pou m block li

Li Pibliye yon lòt, fwa sa m pa ka kenbe m poke li” Wendy nan 2e Verse la.

 

Anpil bèl deskripsyon, anpil imaj ki vann bote fanm lakay nou yo , an gwo atis yo ekspoze richès ki genyen nan  fanm Kreyol nou yo. Anpil pwezi anpil bèl pawòl , nou jwenn yon Wendy nan nivo Konpetans li.

 

3e verse la se yon antre soti jan yo di nan langaj rapè yo kote Toby Komanse epi Wendy ba l replik la preske chak 2 bars sou yon verse de 16bars rap plis 8 bars pawol ki plen  Punch ak Epis pou Fe verse la pi bel. Pami yo nou jwen:

“ Ebyen G (Dji)  sa Nap fè, nou pa ka Gen yon Bòb*T pou 2

Epi mwen pap al nan Beef ( bif) avew pou yon Bòb*t Boude” ( Wendy voice)
Se Swa l chwazi w oubyen l chwazi m oubyen Bòb*t nou l ye” ( Toby Voice)

 

Sak pi bèl nan istwa a se lè fanm nan di l pa renmen gason, Ou Menm ki te nan plas atis sa yo sa w tap fè ?

Siw pa Ko dekouvril Al dekouvri mizik sa nan link sa http://dynastyhaiti.com/manipulation-toby-ft-wendyyy-traka/ se yon mizik ki mande Atansyon , Ann dekouvri l.

Mizik Semèn nan ( Jen II) : My life – Ti Lunèt ( 5 Etwal )

$
0
0

My Life”  se yon mizik ke Ti Lunèt  ekri epi chante pou gwoup 5 Etwal ke li menm se Maestro. Pou listwa nap di mizik sa se pa Ti Lunèt ki tap chante mizik sa se  Berto Tempo ki se chantè aktyèl gwoup Bèl plezi  ki tap chante l men se akoz ke li pat disponib Manadjè Gwoup 5 Etwal Ti Blan la te konseye  Ti Lunèt chante l.

“My Life” konstwi ak  yon verse de 32 bars nan komansman , answit ou jwenn  8 bars melodi instriman yo san vwa  ki anchene ak yon Bridge ( Bredj) 8 bars ak yon koral 8 bars ki repete 2 fwa  apre saw jwenn yon bon 12 bars melodi swav ki fini ak yon koral 8 bars akonpaye de yon bridge 8 bars. Mizik sa ki dire 6:05 kontrèman a sa anpil moun panse se pa yon istwa pèsonèl pou atis la men se istwa anpil moun ap viv. Li explike istwa yon moun ki fè tout sa l konnen pou l jwenn sa ki rele lanmou a men helas li pa janm ka jwenn li.

« Lavi m’ s’on turbulence

Toujou an dekadans

Jodi a kèm kontan

Men l pap dure lontan

Zanmi toujou trayim

Renmen toujou detwim

Lèm pansem jwenn moun nan

Se lè sa m fè erè » Ti Lunèt nan premye verse la

Se konsa chantè a komanse eksplike istwa a  tout andan mizik la Ti Lunèt dekri anpil move fason li jwenn nan chache lanmou , mwen konnen ke   se pa yon bagay ki fasil pou yon moun jwenn lanmou . atis la kontinye pou l di :

« Si se mwen menm ki gen yon defo

Pral fe efò pou m viv miyò

Mwen toujou ap fè moun plezi

Apre sa se mwen ki soufri

Mwen pa kè wè nan kenbe rancune

Paske pou mwen s’on gro lacune

Mwen toujou prè pou m padone

Olye pou mwen ta kondane » Ti Lunèt nan Bridge avan refren an kote ke nou we atis la tre sensè

Se yonn nan bagay ki atire anpil moun al koute mizik sa se senserite ki gen nan pawòl atis la ap chante yo. Nap raple mizik gen yon koral ki trè antrenan ke anpil moun renmen ki di konsa:

« Toujou bay kè mwen tout antye

Apre se mwen k toujou kriye

Fèm jemi m pè pou tout lavi m

Malgre sa mwen toujou viktim

Fè tout sam konnen pou m ere

Mwen toujou toujou malere

Mwen chita sou menm tab ak lanmou

Men nou pa janmen di bonjou »Pawòl koral la

Nap raple fòs mizik sa baze sou melodi ak pawòl ki touche kè ak lespri moun . se yon mizik ki fè pou montre malgre tout saw ka fè pou w jwenn sa yo rele lanmou a se se pa chans paw ou ka pa janm rive jwenn li . Mizik sa trè santimantal e li jwenn apresyasyon anpil moun depi le yo koute l nan preye fwa . Mizik sa gen anpil bel konsèy. Mwen envite ou menm ki pa gen chans tande mizik sa déjà malgre se yon siksè sou tout peyi a ak nan Dyaspora nou an al koute mizik sa sou lyen sa http://dynastyhaiti.com/my-life-ti-linet-5-etwal/    ou ka telechaje l gratis tou.

 

TI JOUNAL STAR O+ No-0007

JENI PA JANM MOURI

$
0
0

Dimanch 15 jen 2008-Dimanch 15 jen 2014, jou pou jou, dat pou dat, sa fe 6 lane depi 3 gwo militan nan Ipap Ayisyen an pèdi lavi yo nan yon terib aksidan ; yo te manb Barikad Crew.

 

Walter Sénatus, moun plis konnen sou nom K-Tafal se yonn nan viktim aksidan sa-a, li te prensipl leader group sa.

John Emmanuel Dade, moun konnen kom Dade. Daprè kèk, li te mèt nan zafè bon kout plim nan rap la-a.

Junior Baggio, Déjà-Vu. Yon manb nan group lan ki te gen anpil imajinasyon, anpil bèl ide pou vansman group la ak Ipap la.

3 mesye sa yo te manb fondatè group la-a yo te lite anpil pou yo te ka wè rèv yo ap reyalize ; ki te Ipap Ayisyen nan nivo entènasyonal. Se pou sa avèk Barikad Crew, yo te fè anpil jèfò. Malgre tout kalamite, tout obstak ki te drese devan yo, ki te vle kraze yo, yo pat janm abandone. Yo te deside goumen pou sa yo kwè jiskobou byen rèd.

Se nan lite pou rèv yo, dimanch 15 jen 2008 yo ta pral tonbe sou chan batay la. Fas ak advèsè sa-a yo te resi sòti pèdan. 2 lòt pwòch nan group la ta pral pèdi lavi yo tou. Guichard La Branche, li ki te bon zanmi group lan jouk denye souf li. Li te toujou la tout kote group lan tap pèfòme. Li pat janm mande anyen pou sa. Machin aksidan an te pa l’, se li ki t’ap kondwi. Li te yon manb enpòtan nan kwizin Barikad kòz li te konn ba yo anpil sipò. Lot manb lan se Ti Batè, bon nom li se Wilderson Magloire ki te fèk entegre group la ki te gen sèlman 20 lane.

Aprè yo te fin jwe nan laplèn, yo tap fè prese pou yo rive jwe nan fèt 59e anivèsè Radio Télé Caraïbes nan rue Chavanne/P-A-P. « Two prese pa fè jou louvri », « Si m’ te konnen toujou dèyè », se sa dikton an bay. Finalman yo pat rive koz yo te stope pa yon aksidan sou Blvrd Toussaint Louverture an, evènman sa ki pat nan program nan. Dade te sel viktim yon moun te ka idantifye koz avan machin nan te woule, tonbe anba, li te gen tan vòltije. Lòt yo te boule, sa ki te rann yo mekonesab.

Tout peyi a te sou chòk, tout moun te atrsite menm sila yo kip a ni tande ni renmen RAP. Menm group rival mesye yo te touche pa sak te rive a. Si pandan lavi yo, yo t’ap goumen pou fè sosyete a aksepte ak tande rap ebyen pandan lanmò yo li pat diferan. Kòz anpil ta pral vide sou albòm yo te gen tan reyalize « Goumen pou sa w’ kwè ».

6 lane aprè dram sa-a pyès moun paka founi yon eksplikasyon lojik, korèk sou aksidan sa-a. Menm sila yo ki te prensipal temwen jou swa sa-a paka bay yonn. Anpil vèsyon bay men pa gen yonn nan yo ki otantik. Antouka sak enpòtan, batay la-a te kontinye. Li nèg yo pat pou gran mèsi. Lanmò yo te itil anpil pou tandans mizikal sa-a. Sou pyès moun pat swete rive men li te fèt koz ak lanmò yo, Ipap la-a te vin jwenn anpil je brake sou li.

Anpil moun fè konnen si K-Tafal, Dade, Déjà-Vu te la toujou, RAP la t’ap nan yon nivo jounen jodia okenn moun pka imajine ; gen lòt ki di si 3 mesye sa yo pat mouri RAP pa tap sa l’ ye jodia, li pa t’ap gen tout fan sa yo ni enterè sa yo. Daprè ou, kiyès nan yo ki gen rezon ?

 

RPLAYER

TI JOUNAL STAR O+ No-0008

Viewing all 360 articles
Browse latest View live