Inosan Yo se yon mizik Roody Roodboy fè pou rakonte istwa Pesonèl li kote li eksplike fason ke anpil moun viktim pou granmesi pami inosan sa yo li mansyone Papa li. Se yon mizik ki gen sou li kòm envite Baky Popilè . li pale de vyolans anpil Polisye sibi anba men bandi li rakonte istwa polisye kap viv nan zòn ke non rele Zòn cho yo
Mizik la dire 4:19. Li komanse avèk yon bridge( Bredj) ki dire 4 bars ke yon refren 8 Bars vin touswit aprè. Apresa nou jwenn premye verse(Vès) la ki dire 8 Bars apre sa nou jwenn refren an 16 bars . Verse Baky a vini apre li dire 12 bars ki konplete avèk yon 2e verse ke Roody Bay ki dire 16 bars. Epi nou jwenn mizik la ki fini avèk refren an.
Roody komanse 1e verse li a avèk yon reyalite ki frape anpil moun e li difidil pou w tande mizik la pou w pa raple w de bar sa.
« Site Militè pa yon vye zòn
Landan l mwen grandi papa m se t’on poto pilòn
Al tire , m pa konn si se Badman ou babilòn
Pouki Bondye kite tout pouvwa sa yo nan men lezòm »
Se konsa atis la dekri sitiyasyon ke l petèt te viv padan moman ke papa l te toujou egziste . li eksplike tou nan verse sa koman papa l mouri. Se yon verse ki gen anpil santiman pèsonèl.
Refren an di konsa
Badman yo la yap obsève
Kilè yon babilòn ap vin fè erè
Babilòn yo la yap obsève
Kilè yon badman ap vin fè erè
Youn ap veye lòt Youn ap veye lòt oh oh (4x)[2x]
Apre sa nou jwenn Baky ki rantre ak yon verse ki rich ak vè miltisilabik , kalanbou ak anpil lòt figi ki pou leve fason rapè a ekri a. li di yon gwo pawòl nan verse sa ki se
« Chak nèg te ka bandi nan lavi l’ si l’te vle
Men l konnen depiw komanse kouri la wap kouri nèt » Baky nan 2e verse la
Gen anpil kèk bèl pawòl nan verse pa Baky a tankou 2 denye Bars misye fini verse li a ki se
« Ou ka pa koupab nan lavi tandis kew pene
Chak inosan w kondane son bandi w anplis kew kreye”
Touswit nou jwenn 2e verse Roody a ki gen anpil verite , anpil reyalite ke anpil moun kap viv nan zòn cho yo m nan katye defavorize yo konnen tankou lè atis la di
Badman oblije al pran pwen pou l sèvi
Babilòn bliye si l’ la pou pwoteje e sèvi
Anmwey malerèz ap kriye
Anmwey elèv lekòl ap tonbe
Mwen mande jistis pou inonsan k penitansye yo
Mande jistis pou polisye ki tonbe mal yo
Apre sa nou jwenn yon refren ki travay sou yon tonalite kip a troc ho pou pèmèt nou santi ekspresyon atis la
An gwo se yon mizik ke anpil moun ta sipoze koute nan memwa tout sa ki tonbe mal yo. Siw poko telechaje mizik la mwen envite w fe sa koulyea sou
Le Mercredi 25 Juin 2014 a été pour Baptista Lugendy St-Hubert plus connu sous le nom de Baky Popilè l’un des plus grands jours de sa carrière en tant que Rappeur. Après la signature du contrat avec le label RKM , le stylo du rappeur doit encore faire couler un peu d’encre, pas pour écrire un verse de rap mais pour signer un nouveau contrat avec PSI Haïti comme étant le nouveau ambassadeur de PSI Haïti dans le Programme de Campagne Planification Familiale des 15-24 ans pour une durée d’un (1) an. La signature de ce contrat a été faite en présence du Manager de l’artiste et les représentants de PSI Haïti. A rappeler que la PSI Haïti est un programme financé par La USAID.
L’artiste promet beaucoup plus de jour en jour. Après la sortie de plusieurs mixtapes et vidéos, après la conquête d’un public qui lui est sien, le protège de RKM nous démontre la puissance d’un noir à travers son tout premier album Fòs Yon Black qui devrait compter entre 14 à 15 titres.
NEW ALBUM “FOS YON BLACK” by BAKY POPILE
Dans un entretien réalisé avec le CEO de RKM, il nous fait savoir : « tout est fin prêt, on attend seulement la fin de la coupe du monde pour la sortie du premier single de L’album Fòs Yon Black ». ce single, Victory , qui parle de sa victoire dans le rap game , sortira tout suite après la coupe du Monde et sera vidéoclipé. A noter que l’album sera un album très riche en thème mais ça va pencher un peu plus sur le social et les égotripes. Selon l’artiste, l’album n’aura pas d’invités car c’est le moment pour lui de prouver vraiment de quoi il est capable. Apres tous ces hits pendant ces deux dernières années, Fòs Yon Black sera-t-il à la hauteur des attentes du public ?
Ekip Dynasty Haiti Entertainment la pote pou ou 8eme soti Jounal STAR O+ la. Ladan li wap jwenn tout sak te pase pandan semen nan. Ou kapab li jounal sa sou site la oswa Download li.
MafiaBlood (FFF: FUCK FAKE FRIENDS) se yon Mizik egotrip ke Dug G ansanm ak Bricks fè pou pale de tèt yo kòm 2 gwo poto mitan nan mouvman rap la ki soti nan 2 kan ki opoze ki se Mafia oubyen mouchwa nwa pou Dug G ki se ansyen rapè Rockfam Lame A ki se lidè Mouchwa nwa yo avèk Blood oubyen mouchwa wouj pou Bricks ki se rapè Barikad Crew ki se lidè Mouchwa Wouj yo oubyen Blood yo. Nap raple ke Se 2 CEO ki mete tèt yo ansanm tou pou fè mizik sa , CEO Piwo Records avèk CEO Shotta Records
Mizik sa konstwi sou 2 verses 16 bars ak yon refren. MafiaBlood komanse ak yon intro ke 2 neg yon fè ki komanse avèk tout yon chalè . epi touswit ou jwenn refren an ki di konsa:
“Mwen se Dug G Mafia avèk Bricks BC
Kilès sa Men vibe la avèk Mèt vil la
Si yon nèg bezwen bon rap ou mèt vin la
Pa gen kote pou ti rapè ap vin fè vi la » Dug G voice (2x)
Dug G komanse premye verse la ak yon bon atak , sou yon beat ke li trè alez :
« Mwen se Dug to the G, Chouchou Nèg la ri yo
Pa janm bouke bwase bon rap met nan la vi yo
Mwen nan zòn nan toutè met al di yo
Men map pase devan sak pi piti yo »
se konsa CEO Piwo a monte sou beat la avèk raj sou yon beat kote MC a pwouve yon lòt fwa ke li se yonn nan poto mitan nan mouvman sa. MK Beat fè yon travay anraje anba pati Dug G ki bay Dug G yon ezans ke anpil moun trè apresye. Break yo sou beat la pèmet Atis la jwe avèk Beat ka Pi fasil. Travay MK Beat a bon anpil la. Nan mitan verse la , Dug la reyafime pozisyon l nan Mouvman sa :
« Tout moun konn déjà kisa mwen ye déjà, Mafia
Pa bezwen Prezante nou konn kisa mwen fe déjà, Piwo »
Anpil moun renmen pati sa nan verse sa paske yo sa fè onè Mafia yo. Nan fen verse la Dug G, fe yon mechan « Jeu de Mots » avèk yon aliterasyon avek SWAGG e li moutre ke li toujou sou pik li lè l di :
« Si yon Moun ofri w sirèt pa mande l bak la
Si yon producer vle siyew li pa Dug G ebyen mande l Plak la » Dug G Voice
Aprè sa nou jwenn refren an dirèkteman deyè Dug G. Touswit nou jwenn Mèt vil la ki rantre ak yon flo trè awogan. Li komanse konsa
Se konsa Mouchwa wouj la komanse Verse pa li a. siw gade dispozisyon vè yo avèk kantite pye yo genyen wap wè se bon pwezi kap fèt la se pa pou san rezon yo rele rapè yo powèt lari. Li Kontinye nan mitan verse la pou l bannou yon lòt rim ki atire zorèy moun :
« Ou wè mwen san lajan pa gen geto m vle m pa pile sa
Ou mèt gwo toro kon pil k*k* map pile sa » .
CEO Shotta records la pwouve ke se lik gen sekrè nan rim Miltisilabik yo . li kontinye pou l di :
« Paske Street la M toujou ladan l
Zòn cho m gen kèk Badman
Lè bwa mare pou m jete m m vole tankou badman
Nan Street la m fete
Nèg kap radote
Lè bagay la rèd son bagay di ou we yap pete » Brick Voice
Aprè saw Jwenn Refren an ki moute apre sa mizik la fini
se yon track ke anpil moun konstate ke 2 MC yo fè san rankin e w santi yon bon vybe kap mache nan yon bout rap rèd.
Roody Petuel Dauphin, ke tout moun moun konnen sou non Roody Roodboy , se yon jèn talan ke anpil moun te dekouvri nan konkou Digicel Stars nan lane 2010. Nou ka menm di ke se yonn nan talan ki te pi popilè nan konkou Digicel Stars nan lane 2010.
Roody Roodboy komanse chante nan lane 2005 aprè lanmò papa li. Li te antre nan mizik akoz de tonton l ki te mizisyen ke li tap viv menm kote avèk li. Tonton l te aprann li jwe gita ak keyboard (kibòd). Tou jèn li te komanse konpoze mizik . Premye mizik li ekri se Malere ke anpil moun konnen trè byen ki te fè yon ravaj nan Digicel Stars.
Apre anpil patisipasyon nan kèk freestyle (FriStayl) nan zòn bo lakay li ak lekòl li, anpil moun vin fèl gen plis konfyans nan tèt li. Li te travay chak jou pi plis paske selon li menm se nan travay ke yon moun ka pwouve ke li se yon vrè talan. Se konsa li te rive inskri nan Digicel Stars nan lane 2008 men li pat rive pi lwen ke nan 10 finalis yo. Li te tounen travay e li te rete konfyan ke li tap rive. Nan lane 2010, li te deside retounen e li te 3e nan konkou a e se lè sa pòt la te ouvri pou li.
Touswit apre Roody RoodBoy te siyen avek Brothers Dread ki te pwodwi 2 video pou li epi kontinye travay avèk yo nan Ayiti Deploge. Se la ke anpil moun te komanse remake ke l se yon atis pou anpil moun sivèye.
Nan lane 2013, Olivier Martelly te kontakte li epi mande li yon kolaborasyon. Depi le sa Roody RoodBoy komanse travay avek Olivier e yo fè anpil siksè ansanm, pami yo, yonn nan kanaval ki te mache anpil ki se Pliye Kòw, yon siksè ke anpil moun renmen e apresye gras a talan Roody Roodboy. Nap raple ke Pliye Kòw se yon konpozisyon Roody Roodboy. Premye mizik Roody ekri pou Olivier, se Veye Yo. Nap fèw konnen Majorite mizik ke Olivier Martelly chante se konpozisyon Roody, Pami yo nou Jwenn Pliye Kòw, Brase lari a. Roody déjà ekri plis ke 8 mizik kap sou album Olivier Martelly.
Nan moman sa yo, atis la ap travay anpil sou Sòti premye album ke li promèt nou nap jwenn nan yon tan ki pa twò lwen. Aprè soti Inosan yo ki se yon mizik ki gen Baky kòm envite , atis la pwomèt anpil avèk Nouvo Staff ke lap travay avèk li nan Moman sa. GBME ki vle di Gwo Bout Mizik Empire se non nouvo label ki ap travay pou sòti atis la. Se avèk label sa atis la ap travay sou tout dènye Pwojè. Nan jou kap vini yo atis la pwomèt yon Mizik ak tout Video. Ekip www.dynastyhaiti.com nan swete Bòn chans a atis la ki chak jou kap pran plis matirite.
Dynasty mizik mwa a se yon distenksyon ke Dynasty Haiti Entertainment kreye pou ankouraje Atis ak Gwoup nan mizik yap pwodwi yo. Dynasty Mizik Mwa a soti nan yon klasman ki gen 5 mizik pou pi plis, ki se mizik ki te mizik semèn nan pou mwa a ,kote piblik la ap vote pou bay mizik kap Dynasty Mizik Mwa a. Mizik ki gen plis vòt la ap pase otomatikman kòm Dynasty Mizik Mwa a.
Kijan Pwosesis la ye?
Dynasty Mizik Mwa a soti nan yon lis ki gen tout mizik ki te mizik semèn nan pou mwa a. Vòt yo ap komanse 1e lendi mwa a sou www.dynastyhaiti.com epi yap bout 14 jou apre swa nan dezyèm dimanch ki swiv lè li te komanse a. 3e lendi mwa a nap pibliye rezilta ofisyèl yo kote w ap konnen kiyès genyen Dynasty Mizik Mwa a.
Kisa Moun ki genyen Dynasty Mizik Mwa a an ap benefisye?
Moun ki genyen Dynasty Mizik Mwa a tou kalifye pou li al patisipe nan Dynasty Mizik ke se yon rekonpans ke www.dynastyhaiti.com bay mizik ki #1 nan klasman 12 “Dynasty mizik mwa” yo pou ane a. Dynasty Mizik Mwa a ap benefisye yon promosyon pandan yon mwa sou Sit la. Mizik sa ap nan tet site la kom piblisite. Nap Gen pou nou itilize imaj atis sa pandan mwa sa. Lap ka tou patisipe nan yonn nan emisyon pre anrejistre kap gen pou fèt pandan mwa a. Lap Benefisye de yon WallPaper ki ap sou sit la pou fan yo ka telechaje. Li ap gen lòt pri ki pa di la.
Dynasty Musique du mois – Termes et Conditions
C’est quoi la Dynasty Music Du Mois?
La Dynasty Musique du Mois est une distinction que Dynasty Haïti Entertainment crée pour encourager les artistes et les Groupes à travers les chansons qu’ils produisent. La Dynasty Musique du mois provient d’un classement de 4 chansons au maximum, qui sont les « Dynasty musique de la semaine » du mois, où le public pourra voter afin de donner La Dynasty Musique du Mois. La musique qui aura le plus grand nombre de voix sera automatiquement La Dynasty Music du Mois.
Comment se déroulera t-il le processus?
La Dynasty Musique du Mois provient d’une liste de toutes les Musiques qui ont été sélectionnées comme les musique de la semaine au cours du mois. Les votes débuteront le premier lundi du mois sur www.dynastyhaiti.com et prendront fin le deuxième dimanche suivant la date du lancement du vote, soit 14 jours après. La publication des résultats officiels seront effectuée le 3e lundi du mois qui donnera automatiquement le vainqueur de la Dynasty Musique du Mois.
Que bénéficiera t-il le gagnant de la Dynasty Musique du mois?
La Dynasty Musique mois sera qualifiée directement pour la Dynasty Musique de l’année qui est une récompense donnée par www.dynastyhaiti.com pour la musique # 1 du classement des 12 « musique du mois » de l’année. La Dynasty Musique du Mois bénéficiera d’une promotion d’un mois sur www.dynastyhait.com . Nous utiliserons aussi l’image de l’artiste durant tout le mois de son élection. Il sera également invité dans l’une des émissions préenregistrées du mois. Il bénéficiera d’un fond d’écran (Wallpaper) sur le site où ses fans peuvent le télécharger. Il aura peut être d’autres prix non mentionnés pour le vainqueur.
Dynasty Music of the Month- Terms and Conditions
What is the Dynasty Music of the Month? The Dynasty Music of the Month is a distinction that Dynasty Haiti Entertainment created to encourage artists and groups through the songs they produce. The Dynasty Music of the Month is from a ranking of 4 songs maximum, which are the “Dynasty music of the week” of the month, where the public will vote to give the Dynasty Music of Month. Music that has the greatest number of votes will be automatically The Dynasty Music of the Month.
How will be the process?
The Dynasty Music of Month is from a list of all the music that has been selected as the music of the week during the month. Voting will begin on the first Monday of the month on www.dynastyhaiti.com and will end the second Sunday following the launch date of the vote, or 14 days later. The official results will be made on the third Monday of the month automatically give the winner of the Dynasty Music of the Month.
What benefit does the winner of the Music Dynasty of the month?
The Dynasty Music of the month will qualify directly for the Dynasty Music of the year is given by www.dynastyhaiti.com to music # 1 ranking of 12 “music of the month” of the year award. The Dynasty Music of the Month receives a promotion from one month to www.dynastyhait.com. We will also use the image of the artist throughout the month of its election. There will also be invited in a pre-recorded broadcast of the month. It will have wallpaper (wallpaper) on the site where fans can download. It may have other price not mentioned for the winner.
Mizik Semèn Nan (Jiyè I): Inosan Yo – Roody Roodboy Feat. Baky
Pou yon dezyèm fwa Inosan yo Mizik Semèn nan sou www.dynastyhaiti.com Inosan Yo se yon mizik Roody Roodboy fè pou rakonte vi pa li kote li eksplike zòn kote l te grandi a Site Militè et fason ke anpil moun victim pou granmesi pami inosan sa yo li mansyone Papa li ke selon li menm ki tonbe anba bal mechan yo paske li te yon Gad. Se yon mizik ki gen sou li kòm envite Baky Popilè, pwoteje RKM Records la. Li pale de vyolans anpil Polisye sibi anba men bandi li rakonte istwa polisye kap viv nan zòn ke non rele Zòn cho yo. Li pale de batay ki genyen ant polisye ak Bandi e atis la ta swete sa chanje yon jou,
Mizik la dire 4:19. Li komanse avèk yon bridge( Bredj) ki dire 4 bars ke yon refren 8 Bars vin touswit aprè. Apresa nou jwenn premye verse(Vès) la ki dire 8 Bars apre sa nou jwenn refren an 16 bars . Verse Baky a vini apre li dire 12 bars ki konplete avèk yon 2e verse ke Roody Bay ki dire 16 bars. Epi nou jwenn mizik la ki fini avèk refren an.
Roody komanse 1e verse li a avèk pawòl ki pale de vi pal direktèman kote li pale de kote li te grandi e dekri istwa papa l.
« Site Militè pa yon vye zòn
Landan l mwen grandi papa m se t’on poto pilòn
Al tire , m pa konn si se Badman ou babilòn
Pouki Bondye kite tout pouvwa sa yo nan men lezòm »
Se konsa atis la dekri sitiyasyon ke l petèt te viv padan moman ke papa l te toujou egziste . li eksplike tou nan verse sa koman papa l mouri. Se yon verse ki gen anpil santiman pèsonèl. Li pwofite montre nan sosyete a depiw mouri w antò :
« Depiw Mouri w antò
Papa m pa la ankò » se konsa atis la fini premye verse la
Refren an di konsa
Badman yo la yap obsève
Kilè yon babilòn ap vin fè erè
Babilòn yo la yap obsève
Kilè yon badman ap vin fè erè
Youn ap veye lòt Youn ap veye lòt oh oh (4x)[2x]
Apre sa nou jwenn Baky ki rantre ak yon verse ki rich ak vè miltisilabik , kalanbou ak anpil lòt figi ki pou leve fason rapè a ekri a. li di yon gwo pawòl nan verse sa ki se
« Chak nèg te ka bandi nan lavi l’ si l’te vle
Men l konnen depiw komanse kouri la wap kouri nèt
Bon ann serye sak ofri w plis kòb se li w kouri w vote a
E fi k parèt pi fèb la se li w pral kouri ote a
E m wè, sak di verite se liw kew minote a
Konbyen nan nou k gon zanmi k viktim nan kominote a» Baky nan 2e verse la
Gen anpil kèk bèl pawòl nan verse pa Baky a tankou 2 denye Bars misye fini verse li a ki se
« Ou ka pa koupab nan lavi tandis kew peye
Chak inosan w kondane son bandi w anplis kew kreye”
Touswit nou jwenn 2e verse Roody a ki gen anpil verite , anpil reyalite ke anpil moun kap viv nan zòn cho yo m nan katye defavorize yo konnen tankou lè atis la di
Badman oblije al pran pwen pou l sèvi
Babilòn bliye si l’ la pou pwoteje e sèvi
Anmwey malerèz ap kriye
Anmwey elèv lekòl ap tonbe
Mwen mande jistis pou inonsan k penitansye yo
Mande jistis pou polisye ki tonbe mal yo
Apre sa nou jwenn yon refren ki travay sou yon tonalite ki pa tro cho pou pèmèt nou santi ekspresyon ak feeling kap travèse atis la
An gwo se yon mizik ke anpil moun ta sipoze koute nan memwa tout sa ki tonbe mal yo se yon prodiksyon de Gwo Bout Mizik Empire ki se nouvo label ke atis la ap travay la. Beat Mizik se yon bèl konpozisyon ki vrèman antrènan Siw poko telechaje mizik la mwen envite w fe sa koulyea sou
http://dynastyhaiti.com/inosan-yo-roody-roodboy-ft-baky-popile/ paske se yon mizik ki vreman rakonte reyalite peyi nou.
Ekip Dynasty Haiti Entertainment la pote pou ou 10eme soti Jounal STAR O+ la. Ladan li wap jwenn tout sak te pase pandan semen nan. Ou kapab li jounal sa sou site la oswa Download li.
Master Dji Started It But Where Are We Taking Creole Hip Hop?
Creole Hip Hop: Where are the Leaders
Will Creole Hip Hop Ever Be Considered Part of the HMI
Creole Hip Hop has a Past, Will it Have a Future?
When looking back at the entire history of Rap and Hip Hop, it’s easy to see how much the industry has grown. Providing a unique opportunity to various dedicated and consistent artists, the industry has changed the lives of many. It’s simply amazing to witness how life altering one hit record can be. Hip Hop as a whole has positively evolved in many different countries, notably in the American and French markets. Considered to be its own culture, Hip Hop serves as a great teaching tool to future generations.
Now let’s bring things a bit closer to home, to my island Haiti, where Hip Hop Creole has made musical waves. First, I personally congratulate Barikad Crew and Rockfam for holding things down for Hip Hop movement. Also I give respect to P-Jay for reinforcing a well-known fact in this industry, “Attract or bring the women and the men will follow.” Furthermore, I must admit Wendyyy is a rapper that brings it 100% of the time, although many have always musically slept on him. He’s tagged as a “dyole” but he can certainly backup whatever he says. And let’s not forget Fantom and Izolan, who’ve open up the way for solo MCs. Both have released multiple albums and mixtapes, independently, without their respective comrades. Although, the quality of each’s work could have been better we MUST give them credit on their accomplishments.
We all know Master Dji is our Hip Hop Creole pioneer and is credited with passing the baton to newer generations. But what has the new generation done with it? Is Master Dji mission being accomplished? Where is the movement now? Where is it heading? Who are currently its leaders?
If you look at the assets amassed by artists, it’s easy to assume that nothing has been done since the time of Master Dji. It’s easy to point fingers at people for what they aren’t doing rather than giving credit for what they have accomplished. But truthfully the movement has stalled and with each hopeful musical “HIT”, disc jockeys and members of the media try to quickly crown the next big record yet the artists have not lived up to the massive expectations. It’s not always the artists’ fault because majority are young and vulnerable. There are a lot of industry vultures roaming on the hunt for an opportunity to take advantage of young talents. Instead of an artist working on their next hit, they find themselves travelling all over the country to make a measly $500 US dollars, just to turnaround and have the manager take a cut and spend the rest on alcohol, sex, and other wasteful habits .
So where is Hip Hop heading? Some media members would argue that the movement is not going anywhere because of its lack of identity— it’s truly suffering. Mimicking the US Hip Hop industry gimmicks has proven to also be a failure because not all trends can be applied in Haiti. Being a struggling third world country, Haiti already has an identity crisis. Since the aforementioned is more of a political statement, I would rather not expound on Haiti’s predicament because I care too much for my life. Anyhow, the movement needs a clearly defined identity and a definitive sense of direction. Where’s ASRAP? Where are the leaders of this movement? In comparison, the US movement has Chuck D and KRS-One amongst many others leaders, all the while Hip Hop Creole t has none. If there are leaders, they are invisible; I’m sure there are potential leaders around, but they decide to stay behind the scenes, criticize the mistakes being made versus helping rectify industry mistakes. It’s definitely time for the criticizers to become active in the movement. Otherwise all dormant leaders should keep their mouth shut and keep their opinions to themselves.
The new generation of Creole Hip Hoppers must always remember some of the ‘Ol Heads’ like Money Honey Mike, Magik Click, Trajik, the late Easy One, Masters and a few other notable artists and groups that help clear the path and allowed Hip Hop Creole to latch on to a wider audience.
As we cross the half-way point of this year, where is the next Hip Hop Creole “HIT”? LEVEL is the most recent hit I can remember, yet artists all over Haiti are putting out music daily. When will the money hungry members of the media actually focus on promoting good music and not just any and every piece of garbage they’re paid to promote. Will albums actually sell this year? We need to progress cohesively and take the movement to the next level. We need to follow in the footsteps of Bricks and Dug-G, cast the hatred aside, come together and make good music. And market our music to not just to a selected few but to the whole Creole market. Change of attitude, change in demeanor, change of heart– Creole Hip Hop can be a viable piece of the HMI’s future but not if it remains as it is today. Changes need to be made now.
Badman Zoepope se yon mizik ki nan kategori Egotrip ki se kategori kote moun plis pale de yo epi ekspoze tèt yo . Se yon mizik ki fèt avèk 2 verses plis refren . Atis la fè mizik la pou mete talan l en evidans. Mizik la dire 3:40 . li pale de jan l vire nan lari a ak jan moun genyen l sou zye. Li pale de pakou l nn rap e jan l fè aparisyon l nan rap. Se yon tèks ou jwenn selman rim rich e anpil « jeu de Mots ». Li mete an evidans tout nèg ki zopope kap fè yon bon travay.
Peedy komanse mizik la avek yon refren kip a repete ki dire 8 bars ke touswit ke yon verse 12 bars komanse. Apre sa w jwenn yon refren ki dire 8 bars . touswit ou jwenn yon verse 16 bars ki konplete avek refren an ke li repete 2 fwa. Peedi Komanse 1e verse la ak yon rim miltisilabik ki telman sanble out e ka di se 2 omofòn :
« Lanmou m komanse pou rap a laj de 13 zan
E sesi m pat fèl pou kòb m te jis trouve kel plèzan
Mwen met may m travay an plen tan
E m fèl pandan ete otonn e menm nan prentan »
Li pat fasil pou jwenn yon tèks yon atis ki Underground nan Nivo sa nan tan ki sot pase yo. Sa pwouve ke jenerasyon kap vini la si nou ba yo direksyon yo ka pran yon lòt dimansyon. Se yon tèks ki gen anpil aliterasyon ak asonans ladan l ki se yonn nan fòs yon teks siw ta vle li epate moun vrèman nan fason lap touche zorèy moun nan. Atis la fini premye verse la avek yon bon exit flow :
“Map fè nonm, gon lè ke map selèb kon Burger King
Depi kik la mate konnen se Peedy pral bay kèk rim”
Touswit ou Jwenn refren an , ki di :
“I’m a badman Zoepope ( 4 Fwa)
I’m from the hood (3 Fwa)
I’m a badman Zoepope (3 Fwa)”
Apre sa atis la , kontinye nan dezyèm verse la pou l di:
“Match la bel
Koulyea m pi matchavèl
E si rap game ap byen Mennen se jis paske map mache avèl »
Lè w ap tande rim sa yo , yap dekotike yo wap jwenn anpil aliterasyon e ka menm panse se menm bagay atis la di . Se just pou m montre w ke tèks la bien travay. Nan 4 denye ba yo
”M toujou prè ou m Plè zorey public M pa nye sal dezire
Defwa m domi m reve map f**k Vanessa Desire
M pa still nèg kap di mo so Beat yo pa menm Sansire
Lew fè sa MC w malpròp met Slip ak B**daw san siye. »
Anpil bèl Pawòl , melodi a pa twò nwi tou men Selman gen kèk bagay pou amelyore Hook la si yo te fèt mizik la tap Yon reyisit total. Siw pa ko Koute l mwen envite w al fè sa koulyea paske se yon atis ki gen anpil talan . Ankouraje li , al dekouvri Badman Zoepope http://dynastyhaiti.com/badman-zoepope-peedy/
Pou premye fwa yon mizik pran mizik semenn nan de fwa yonn dèyè lòt .E mizik ki resi fè sa se Badman Zoepope. Badman Zopope se yon mizik ki nan kategori Egotrip ki se kategori kote moun plis pale de yo epi mete tèt yo an valè . Se yon mizik ki fèt avèk 2 verses plis refren . Peedy fè mizik la pou mete talan l en evidans tankou yon moun ki fò. Mizik la dire 3:40 . li pale de jan l vire nan Game nan ak jan moun genyen l sou zye. Li pale de pakou l nn rap e jan l fè aparisyon l nan rap. Se yon tèks ou jwenn selman rim rich e anpil « jeu de Mots ». Li mete an evidans tout nèg ki gen ti fizik kap fè yon bon travay.
Peedy komanse mizik la avek yon refren san repetisyon ki dire 8 bars ke touswit ke yon verse 12 bars komanse. Apre sa w jwenn yon refren ki dire 8 bars . touswit ou jwenn yon verse 16 bars ki konplete avek refren an ke li repete 2 fwa. Peedi Komanse 1e verse la ak yon rim miltisilabik ki telman sanble out e ka di se 2 omofòn :
« Lanmou m komanse pou rap a laj de 13 zan
E sesi m pat fèl pou kòb m te jis trouve kel plèzan
Mwen met may m travay an plen tan
E m fèl pandan ete otonn e menm nan prentan »
Li pat fasil pou jwenn yon tèks yon atis ki Underground nan Nivo sa nan tan ki sot pase yo. Sa pwouve ke jenerasyon kap vini la si nou ba yo direksyon yo ka pran yon lòt dimansyon. Se yon tèks ki gen anpil aliterasyon ak asonans ladan l ki se yonn nan fòs yon teks siw ta vle li epate moun vrèman nan fason lap touche zorèy moun nan. Atis la fini premye verse la avek yon bon exit flow :
“Map fè nonm, gon lè ke map selèb kon Burger King
Depi kik la mate konnen se Peedy pral bay kèk rim”
Touswit ou Jwenn refren an , ki di :
“I’m a badman Zoepope ( 4 Fwa)
I’m from the hood (3 Fwa)
I’m a badman Zoepope (3 Fwa)”
Apre sa atis la , kontinye nan dezyèm verse la pou l di:
“Match la bel
Koulyea m pi matchavèl
E si rap game ap byen Mennen se jis paske map mache avèl »
Lè w ap tande rim sa yo , yap dekotike yo wap jwenn anpil aliterasyon e ka menm panse se menm bagay atis la di . Se just pou m montre w ke tèks la bien travay. Nan 4 denye ba yo
”M toujou prè ou m Plè zorey public M pa nye sal dezire
Defwa m domi m reve map f**k Vanessa Desire
M pa still nèg kap di mo so Beat yo pa menm Sansire
Lew fè sa MC w malpròp met Slip ak B**daw san siye. »
Mizik sa chaje Bon pawol ki byen travay , Beat la pa tro mal li mache avek sans pawol yo . li pa troc ho pa tro frèt. Sèlman kek pawol ki yon ti jan deplase kif è anpil moun ka pa di se yon track ki preske pafè. Mwen renmen lè atis ki Undergroun yo ap fè efò konsa . sa pwouve ke mizik la ge la relèv Siw pa ko dekouvri mizik sa mwen envite w al fè sa koulyea paske se yon track ki vreman bon e atis ki gen anpil talan . Ankouraje li , al dekouvri Badman Zoepope http://dynastyhaiti.com/badman-zoepope-peedy/
Ekip Dynasty Haiti Entertainment la pote pou ou 11eme soti Jounal STAR O+ la. Ladan li wap jwenn tout sak te pase pandan semen nan. Ou kapab li jounal sa sou site la oswa Download li.
M’anvi w jerem se yon mizik ki pale de lanmou ke BG Man fè ki eksprime santi pèsonèl li. Li fè mizik la pou di sa l santi pou mennaj li. Se yon mizik ki baze sou sa atis la ta swete viv. Malgre anpil sa anpil moun te konn wè nan jenerasyon avan yo. Jenerasyon sa bay anpil plas a lanmou nan tèks yo.
Malgre sa yo di de rap nan moman sa yo nou jwenn anpil mizik lanmou nan mouvman sa. Mizik sa fèt avek 2 verse plis yon Bridge (Bredj) avek yon refren ki repete aprè chak verse ke Ciyou Paradoks Chante.
Baby girl mwen anviw jerem ta vle w mete m kouche karese m de la tèt o pye
Baby girl mwen anviw jerem zanmiw yo mèt koute m chanpay la m vlew debouche
Baby girl mwen anviw jerem ta vle w mete m kouche karese m de la tèt o pye
Baby girl mwen anviw jerem zanmiw yo mèt koute m chanpay la m vlew debouche
Apre sa ou jwenn premye verse la BG Man komanse konsa :
Baby m pa kache diw aswe a se net al kole
Baby tankou sansi map sousew pa p janm dekole
Sim te haiti pou ou m patap janm dekole
Ancrer à ton corps et je peux plus plus decoller
Ce soir je veux que tu me serres contre toi
Ce soir je veux que tu me gères dans tes bras
Se sou pawòl sa yo ke Atis la komanse premye verse li a e li fè fi a konnen tout sa l santi pou li et tout sa li ta renmen fi a fè pou li . li rive montre tout bote ki genyen lèw gen yon fi bò kotew.
Aprè premye verse la fini ou jwenn Ciyou Paradox ki tounen avek refren an. Nap raple Ciyou paradox se yon atis ki boure talan e li fè anpil bèl mizik.
Nan dezyèm verse la avek yondeskripsyon de kò fi se yon bagay fenomenal jan li di lap pase lang li sou preske tout pati ki nan kò fi a . Li montre l tout bote ki gen nan achitekti kòporel fi a. Touswit apre ou jwenn Ciyou paradoks ki vini avek yon mechan Bridge ki di konsa :
Baby kitem diw yon sekrè , ou poko menm touché m deja prè
Sim diw janw dominem ou pap kwè, ou met dezabiyem pou w ka wè
Chak sekond kip ase mwen santi se chalèm kap monte
Siw gadem byen nan je ou ka wè son kalvè map monte
Baby tout sa mwen vle diw
Manviw jeremmmmmmmmmmmmmm
Touswit ou jwenn refren an ki monte pou fini mizik la. Map raple se yon tèks ki gen yon bèl melodi e refren an avèk Bridge la leve mizik sa anpil. Se yon mizik ki byen travay sou plan tèks epi kote melodi tou. Malgre gen kèk bagay ki pat trò fin byen kòdone sou plan pati rap yo. Map envitew dekouvri mizik sa koulye la siw pa ko fè sa sou lyen sa http://dynastyhaiti.com/manviw-jerem-bg-man-ft-ciyou-paradoks/ se yon mizik ke anpil moun ta sipoze dekouvri si vrèman w bezwen bèl pawòl pou di mennaj ou.
Ekip Dynasty Haiti Entertainment la pote pou ou 12eme soti Jounal STAR O+ la. Ladan li wap jwenn tout sak te pase pandan semen nan. Ou kapab li jounal sa sou site la oswa Download li.
Ces 5 dernières années, un nouveau nom commence à s’imposer timidement dans le milieu musical haïtien : Shassy. . A travers son Hit Single en feat avec Izolan le rappeur de BC, elle a su conquérir les cœurs des jeunes et ados du pays. Apres Map tchat, la protégée de Mizik Malè a tenté à plusieurs reprises de rejoindre le sommet de la musique haïtienne à travers ses chansons mais presque sans succès. Différents titres sous le même thème, tel est peut-être l’objectif premier de staff de production de l’interprète de Map TChat.
Mais, comment penser que Shassy pourrait être candidat potentiel pour une siège de juge au fameux concours « Digicel Stars » dont les organisateurs disent recherche des Talents dans la musique haïtienne. Quelles sont les connaissances musicales de Shassy ? Quelles sont les influences et appréciations musicales de Shassy pour avoir la possibilité de juger des Artistes en herbe avec de multiples visions musicales ?
Si on prend en compte du passé de Shassy dans le secteur musical, est-ce peut dire que moralement shassy pourrait être Juge d’un concours d’une telle envergure ? À savoir les critères, on sait déjà que Digicel Stars est presque plus Business que talent. Les Avis des Juges ne sont presque pas trop importants puisque ce serait donc le candidat avec le plus de votes payés qui passera quel que soit le mot des juges. Lorsqu’on sait que l’organisation du concours est confiée à Brothers Dread, Une Compagnie dirigée les Azor. On aurait pu accepter shassy en tant qu’invitée mais pas en tant que Juge.
On accuse toujours les haïtiens d’être trop généreux envers leurs proches lorsqu’il s’agit des taches strictement liens a certains critères mais est-ce vraiment une obligation de donner a un proche un boulot ou un poste duquel il en est totalement incompétent ?
L’instinct de juger est-il donner à tout le monde ? Quand aura-t-on un pays où l’on respecte vraiment les valeurs institutionnelles ? A quand vraiment un concours de Digicel stars comme ceux des premières éditions ?
Après avoir passé deux ans et quelques mois à la tête de Team Lobèy comme manager, Stanley FABRE a remis sa démission.
Tout de suite après son départ, les rumeurs se sont répandues un peu partout… Dans une entrevue qu’il nous a accordée, il a profité pour tout clarifier. Il a fait savoir que la raison de sa démission est parce qu’il a envie de tracer sa propre voie dans le marché musical haïtien, vivre de nouvelles aventures avec un autre groupe que Team Lobèy et non parce qu’il a un différend avec ce dernier.
« Gi-ok est comme mon fils, il est un petit que j’adore beaucoup. C’est un gars génial et talentueux. Poor Bear est comme frère. Lui et moi avons grandi cote a cote et avons passé des années ensemble à Miami (USA), il y a de ça quelques années. Team Lobèy est ma famille. Même si je ne suis plus manager de ce groupe, je reste toujours un Lobèy car on est Lobèy pour la vie. Il n’y a rien entre moi et le groupe, ou plutôt dire entre moi et mon groupe car ce sera toujours mon Team. D’ailleurs, je leur parle toujours, les gars et moi sommes toujours de bons amis. J’ai juste décidé de tracer ma route avec un autre groupe », a déclaré Stanley FABRE.
L’ancien manager de Team Lobèy n’a pas perdu de temps à tracer cette route avec cet autre groupe. Il est actuellement manager et producteur du groupe 45 soldiers. Ce groupe à tendance Rap Ayisyen, évolue au sud-est du pays, précisément à Jacmel, il est auteur de cette chanson « text mwen », accompagnée d’un vidéo-clip qui a gagné une place dans le cœur de beaucoup de fans du rap et même certains qui ne le sont pas. Leur nouveau manager nous a informé d’une nouvelle chanson du groupe qui sera aussi vidéo-clipée, titrée « Tizè ». Sa sortie est prévue pour le prochain mois. Le groupe travaille déjà leur meringue carnavalesque 2015 et sans oublier leur album pour une date encore inconnue.
Connais-tu est le nouveau son de Jean Jean Roosevelt qui va figurer peut-être sur sa quatrième album. C’est une chanson écrite suite à son accident à Pacot le 28 Juillet dernier pour montre que la vie mérite bien d’être chantée. C’est une musique à travers laquelle le compositeur- chanteur célèbre la vie. Selon lui, La vie mérite d’être célébrée au jour le jour. Car on ne sait pas jamais le jour où l’on va rendre son dernier souffle.
La chanson contient trois strophes et un Bridge accompagnés des refrains. L’artiste commence la chanson avec une question :
« Est-ce que tu connais les moindres battements de ton cœur » l’artiste continue :
Est-ce que tu connais ton dernier souffle, ta dernière heure
Combien de pleine lune, combien de coucher du soleil
Combien de Printemps, combien d’Hiver qu’il te reste
Aimer partager autant que tu peux…………. »
C’est ainsi qu’est l’intro de la musique, on montre les moments de la vie et les inquiétudes qui y dépendent. C’est un appel à la conscience, que la mort est juste à côté, il faut faire tout ce que tu peux faire maintenant. Tout de suite, on trouve le refrain qui suit :
Connais tu, connais tu, connais tu la longueur de ta vie ?
Connais tu, connais tu, connais tu la profondeur de tes nuits ?
La deuxième strophe commence ainsi, avec les mêmes questions
Est-ce que tu connais les moindres respirations que t’as de plus
Est-ce que tu connais ta dernière route ton dernier bus ?
Combien de clair de lune, combien de lever de soleil
Combien d’automne, combien d’été qu’il te reste
Aimer prier Pardonner autant que tu peux »
Ensuite vient le refrain… c’est toujours les mêmes idées qui véhiculent tout au long de la chanson. Des messages qui nous montrent qu’il faut faire du bien dans la mesure de nos capacités. Ne laissez rien à demain. Parce que demain ne nous appartient pas. C’est le moment présent qui est notre avoir.
Enfin Connais-Tu est une chanson qui nous montre la beauté de la vie, elle nous incite à profiter de l’instant présent. Car chaque seconde pourrait être notre dernière. On doit savoir profiter chaque seconde de notre vie. Il nous montre aussi que rien ne vaut vraiment. L’importance de la vie est la seule chose qui doive orienter nos décisions. Parce que nul ne connait vraiment la longueur de la vie. La seule chose qui nous importe est de vivre notre vie.
C’est une chanson à découvrir. C’est un mélange de elle nous donne beaucoup plus de force pour affronter les difficultés de la vie. Parce qu’on ne connait pas vraiment combien de temps qu’il nous reste a vivre. Si tu veux l’écouter, il te reste seulement à cliquer sur le lien http://dynastyhaiti.com/connais-tu-jean-jean-roosevelt/ . Vis donc ta vie et crois-moi tu n’auras pas tort
Pale Anpil la Pral fini se yon mizik ke MOC The Don, Yon rapè ke Dug G te pèmet piblik la konnen avèk mizik ki rele Rap Mwen Tricky ki te Videyoklipe, fè avèk yon jèn atis Underground ki rele Omega. Pale Anpil La Pral fini se yon fason ke MOC jwenn pou l di a moun ki Anfas li yo ke Pale anpil la pral fini avèk soti Nouvo album li a. Se yon fason ke MOC jwenn pou l di fanatik li yo ke Apre silans li te fè a, li prè poul rekomanse. Se yon track ki fèt pou anonse album Rap Mwen tricky a. Mizik sa se yon mizik ki klase nan kategori egotrip, mizik ki fèt pou fè eloj moun ki fè mizik la.
Pale Anpil la Pral fini se yon mizik ki gen 3 verses akonpaye de yon Bridge ak Refren yo. Premye Verse la gen 12 bars apre sa nou jwenn yon refren ke Omega fè ki trè antrenan. Touswit nou jwenn dezyèm Verse la ki gen 16 bars. Apre sa nou jwenn refren an ki tounen. Denye kouplè mizik la gen yon bridge 8 bars ki akonpaye yon Verse 8 bars. Pou fini , Nou jwenn refren an ki repete plis pase 2 fwa jiskaske li fade out.
Apre nou fin wè koman chapant mizik lan ye, ann al fè yon analiz sou pawol yo. Atis la komanse premye verse li a konsa :
Pale Anpil la Pral Fini MO this MO that
Album nan pral soti , ret focus nou pral start
Se vre nou mize nan wout Boykotaj pa jwenn bout mwen
Kontinye san dout mwen avantaj yo pa nivom
Se konsa atis la komanse premye verse li a pou montre malgre tout bagay li toujou la. Nenpot sa yo ta di sou li li toujou la pou prouve ke li pifò ke tout sa yo ka di sou la e boykotaj pa ka fè li bay vag paske li pase piwo ke sa yo. Li Kontinye pou li di nan menm premye verse sa ke :
“M gen Hit M gen Hit ke Miami
Yo banm tit yo banm tit se gwo van ti lapli
Yo pa konnen Koulyea koulyea m pral fè yo Konnen
Le yap pale de swag Swag map pale de klas klas
Lew yap plede bay blag mwen map plede fè bwas
M fèt tou mango mi se nòmal pou w banm dan di. »
Apre sa nou jwenn Omega ki vini ak refren an ke anpil mon komanse apresye ki di konsa :
M O M O MOC
Nigga nigga go come seee
Apa mawozo vin pussy
Fè nèg kase lezo m kraze les os chak fwa LI pran MIC
Atis la komanse avèk 2e verse la ak yon ton ki ironik ki di konsa :
Se vre wi man , m pa wè poukisa nèg yo rayim
Lèm jwe my man, m toujou jwe pou m pa viktim
Map kondane rap kreyòl rap kreyòl yo poko konn still sa
Sa son rap pedjòl ki gen yon flavor America
Nap raplew verse sa gen anpil pawòl ki vrèman ka fèw ri lew ap kotel. Se ladan l atis la plis pale de sal ye ak sa l ka fè, li montre ke tout moun kap bat kò yo li se yon bouchon pou yo. Le 16 bars yo fini nou rejwenn refren an anko. Apre sa nou jwenn yon bridge ki di konsa :
MOC the Don, the mic is on
Check the microphone krache dife like Dragon
Track sa son Bonm , nou pap fel long
Men nap boule fake MC kou b***********
Omega m vin bay Pussy Konje
Al gad deyèm gen nèg kap plonje
Tout moun ka we koulye a game nan chanje faz
Machin nan nan men koulyea tout moun ka wè se nou kap ba li gaz
Apre sa nou Jwenn MOC ki rantre ak Denye Verse la ki di konsa :
Mizik sa son punch li ka fèw sou sanw pa menm bwè Rhum
Pran fòm kòw beat la dim se nou menm ki metronome
Atis la bay tout li menm nan 8 bars sa pou pwouve advèsè li yo ke l ka fè plis ke yo. Apresa nou jwenn refren an ki repete jiskaske mizik la fini.
Nap Raplew Mizik sa se yon mizik ki pa two mal nan anranjman . Pawòl yo an amoni avèk tèks la . Beat la se yon bon beat. Pati ki dominan nan mizik la plis se refen an ak Bridge la. Atis ki fè R&B a gen anpil talan siw ta renmen dekouvri mizik sa map envitew klike sou link sa http://dynastyhaiti.com/palanpil-la-pral-fini-m-o-c/
Ekip Dynasty Haiti Entertainment la pote pou ou 13eme soti Jounal STAR O+ la. Ladan li wap jwenn tout sak te pase pandan semen nan. Ou kapab li jounal sa sou site la oswa Download li.
Se mizik ki rasanble 3 jèn rapè ke anpil moun di ki nan elit mouvman sa. Mizik la rele BMW se paske yo fèl tankou yon Sig. B a se pou premye lèt ki nan Baky a, M nan se pou Mèt mizik la ki se Mechans-T epi nou déjà wè W a se pou Wendy Traka. Se yon Mizik ki nan kategori Egotrip ki mete atis yo an valè . BMW se yon mizik ki fèt jis pou Montre ke talan atis yo. Nou ka di se yon Mizik ki plis montre Street hardcore Skills yo.
3 rapè fè BMW. Se yon Mizik ki gen 3 verses sou li. 2 premye bars yo se 16 bars epi denye a selman gen 12 bars. Mizik la komans ak Intro a ke Mechanste fè ak refren an ke Baky mete kèk akonpayman ladanl. Touswit nou jwenn Baky ki komanse premye Verse la ak yon 16 bars. Apre nou jwenn refren an ke Mechans-T akonpaye tou . Apre refren , nou jwenn Mechans-T pou 2e verse la ki dire 16 bars. Apre verse mechans-T a , nou jwenn refren an ke fwa sa Wendy Akonpaye ke touswit nou jwenn denye verse la ki dire 12 bars. Apre sa nou jwenn Outro a ke Mechans-T fè . Se yon mizik ki plen Jeu de mots ak anpil figi estil nan pwezi. Se yon bomb lè nap gade kalite travay ki fèt sou mizik la.
Tankou nou te diw la, Mizik la komanse ak refren an ki di konsa :
Tout moun nèt atann kous la demare
Bagay a motè se pa pedale
[Map kraz’on beat nou pap jwenn ti rès anko] Baky voice
3 fokè ki vin ak bay ki pa bezwen repare.
[Se BMW BMW, Baky Mechanste Wendy Se Bmw] 2x
Apre sa Baky komanse verse li a ak yon Mechan Punch ki di konsa :
Pou Komanse map di de men anlè m killl Beat la e m pap ret la [Bowww]
Lem rale Plim pam ekate Paw [Bowww]
Sa se vrè hip hop se pa peta [Bowww]
Depiw tande [Gun Braking] konnen se bri bal se pa peta [Bowww]
Se konsa Baky komanse premye verse la. Nou ka konstate Atis la progrese anpil nan fason l depoze sou beat malgre nou déjà konnen atis la se yonn nan pi bon moun ki metrize fason yon ekri . Li pwouve yon lòt fwa ke li fè pati de jenerasyon ki gen meyè rapè. Nan komansman verse la li lage yon Punch pou rival li a lè li di : « Lèm rale plim pam ekate paw…. ». tout moun konnen déjà kiyès ki te gen plim pam déjà loll……. Atis la kontinye pou l di :
M fè min nèg rap yo fonse tou
[gen nèg ki pran devan][low voice] E byen se Dwam pou m Fonse tou
W’ ofanse tou , vin fè rim san fòse tou
[Oui, je te jure ce mec assume] [low voice] wèm pale Franse tou
Se konsa pwoteje RKM recorks lan pase e pwouve sa yo di de li yo nan nivo l vrèman . Pou fini, atis la fè yon 4 bars ki montre nan nivo l :
Popilè, Avègleman, Bat MC yo Bèteman
Chanje flo pi mal ke nèg kap chanje vèteman
Ret kònèkte nan, map bow sa kòm règleman
Rap kreyòl Hardcore Baky Kòrèkteman
Se konsa Baky pase , touswit nou jwenn refren an ke Mechans-T akonpaye:
Tout moun nèt atann kous la demare
Bagay a motè se pa pedale
[Banm fon poze pou montre kisak Hip Hop High Level] Mechans-T voice
3 fokè ki vin ak bay ki pa bezwen repare.
[Se BMW BMW, Baky Mechanste Wendy Se Bmw] 2x
Apre refren an , Nou jwenn Verse Mechans-T a ki di konsa:
Pèsòn pa konn anyen de mwen, gen sak di mwen son ti evade eeee eeeee
Map fè nou sòti de pa de eeeee eeee
Retade eee eee fon ti ret gade eee eee
Lèm pran rad fanm an nou pral mande pou fon ti ret a de eeeee
Bay kou na ta ta ta
Jistan kris pranm nigga, aku nama tata
Se konsa pwoteje winnaz la , yon atis pou nou komanse siveye. Paske se yon atis ki chaje talan malgre anpil moun pa ko konnen atis la vreman. Se preske nan menm nivo a Baky nou jwenn Mechans-T. yon atis nou komanse dekouvri depi 2012.
Touswit apre sa , nou jwenn refren an ke wendy Akonpaye :
Tout moun nèt atann kous la demare
Bagay a motè se pa pedale
[Gadon tenten mesye Ti gason se pwen w pran Vre] Wendy voice
3 fokè ki vin ak bay kip a bezwen repare.
[Se BMW BMW, Baky Mechanste Wendy Se Bmw] 2x
Koulyea nou rive nan denye Verse Wendy ke Anpil mount e anvi tande paske sa fè anpil tan fan li yo pat tande l sou yon nouvo projè. Li komanse konsa:
Li 2H .. M Demare ..sou Dezyèm .. Yo Detwi ..
Deja .. De qui? .. De W.E.N.Depi ..
Desanm .. 2010 .. Map Demistifye ..
Desann . Defye .. Deranje .. Demoli .. Demode . Menm a Demo .
A 2 Mots . M Demoralize .. Derespekte ..
Debat .. A Debri .. Debout .. Dead yo .. 2 pa 2 .. M Degrade ..
De Fòs .. M Depase .. Deplase .. Nan 2 pase .. M Deja pwouve .. M THe best..
Sa son travay fenomenal nou jwenn la, yon aliterasyon melanje ak yon ak yon asonans , se yon travay ke anpil moun pa ka fè paske li mande tan anpil ak atansyon. Si tèt ou pa bon ou pap ka rive nan nivo sa.li kontinye pou l di :
Ti nonm sa sot leogane a on BAKA SOU LI ( Hoho )
Siw pa TMG man ou PAKA SOU LI ( hoho )
Track la tou hit li gen TRAKA SOU LI ( hoho )
Kounyam gen dyare flo res beat la m pral K*K* SOU LI
Se nan pati sa nou rejwenn Atis la ak still li a .men se yon travay ki vrèman merrite felisite paske atis la kite fason li te konn poze sou beat yo ansanm ak tout jan li konn gate fanatik li yo. Nan mizik sa nou jwenn yon lòt Wendy.
lem gade BMW se yon mizik ke anpil moun ta sipoze tande e analize siw se moun ki renmen Mizik e sitou rapè ki di yo renmen Bèl vèsifikasyon. Se yon mizik anpil moun ta sipoze pran kòm model pou nivo mizik la. Siw poko Koutel map envite dekouvri l sou link sa